printable banner

U.S. Department of State - Great Seal

U.S. Department of State

Diplomacy in Action

Remarks by President Obama on Recovery Efforts in Haiti - in Creole

January 14, 2010


LAMEZON BLANCH

Biwo Sekretè Laprès la

Pou Pibliye Imedyatman 14 janvye 2010
____________________________________________________________________
PAWÒL PREZIDAN AN SOU EFÒ KAP FÈ POU REKIPERASYON ANN AYITI

Salon Resepsyon Diplomatik

10:10 A.M. EST

PREZIDAN AN: Bonjou, tout moun. Mwen bay administrasyon mwen an lòd pou yo antreprann yon efò rapid, byen kowòdone e agresif pou sove lave epi pou sipòte rekiperasyon kap fèt ann Ayiti a.

Dega nou soufri ann Ayiti yo se bagay ki rive nan nivo yon gwo katastwòf, epi nou pral bezwen chak eleman nan kapasite nasyonal nou pou nou fè fas a yon si gwo dezas – diplomasi ak asistans nan devlopman; pouvwa militè nou; epi, sa ki pi enpòtan, konpasyon peyi nou an. Epi maten an, mwen genyen avèk mwen plizyè manm ekip sekirite nasyonal mwen an ki a kowòdone travay sa a.

Mwen te fè chak nan lidè sa yo konnen Ayiti dwe pi gwo priyorite pou depatman yo ak ajans yo koulyeya. Se youn nan moman ki mande lidèchip ameriken an. Pou byenèt chak nan sitwayen nou yo ki ann Ayiti, pou byennèt pèp Ayisyen an ki tèlman soufri, epi pou byennèt imanite ke nou tout pataje an, nou kanpe an solidarite ak vwazen nou yo ki osid de peyi nou an, paske nou konnen se sèl gras Bondye ki prezève nou tout.

Maten an, mwen kapab rapòte premye gwoup sekourist ak travayè imanitè yo deja nan peyi a epi yap travay. Nou te voye yon ekip ki pou fè sondaj lannwit pou idantifye zòn ki dwe gen priyorite yo pou èd ak asistans, epi nou te pataje rezilta envestigasyon sa a ak tout depatman nan gouvènman ameriken an, epi ak patnè entènasyonal kap voye sipò tou. Ekip kap chèche epi kap fè sovtaj yo ap travay san pran souf pou sove lavi. Militè nou yo rantre nan ayewopò a epi yo prepare li pou resevwa gwo ekipman ak resous ki nan wout yo, epi pou resevwa yo 24 èdtan pa jou. Yo mete yon sistèm transpò ayeryen pou fè livrezon atik ki pi an demann yo, tankou dlo ak medikaman. Epi nou kolabore ak gouvènman ayisyen an, Nasyonzini, epi ak lòt peyi ki sou plas tou.

Nou pa gen pi gwo priyorite pase sekirite sitwayen ameriken yo, epi nou te mete ameriken ki fraktire yo nan elikoptè pou yo kapab kite Ayiti. Nap fè lòt evakyasyon anplis, epi nap kontinye fè sa pandan pwochen jou kap vini yo. Mwen konnen gen anpil ameriken, espesyalman ayisyano-ameriken, ki bezwen enfòmasyon sou fanmi yo ak zanmi yo. Epi Depatman Deta mete yon nimewo telefòn anplas ak yon adrès imèl ou kapab jwenn nan www.state.govwww.state.gov-- pou w ka mande enfòmasyon sou fanmi w yo. Epi ou fèt pou konnen nou pap pran souf toutotan nou pa konnen ki kote tout konpatriyòt ameriken nou yo ki andanje yo ye.

Menm pandan nou fè travay la osi rapidman posib, lap pran kèk èdtan --- e nan kèk sikonstans, kèk jou --- pou nou mete tout moun ak tout resous nou yo nan peyi a. Kounyeya machin pa ka pase sou wout ann Ayiti yo, pò prensipal la domaje anpil, nou fenk kòmanse jwenn mwayen kominikasyon, epi replik tranblemandtè an ap kontinye.

Pa gen anyen nan tout sa nap fè yo ki sanble lap fèt rapidman ase si w gen moun w ki kole yon kote, si wap dòmi nan lari, si w pa kapab bay pitit ou yo manje. Men li enpòtan pou tout moun ann Ayiti konprann, koulyeya youn nan pi gwo travay sovtaj kap fèt nan listwa denye deseni nan wout pou rive Ayiti. Gen lòt ekip ameriken kap vin rekipere ak sove moun toujou ki nan wout. Plis manje. Plis dlo. Doktè, enfimyè, pèsonèl anbilans. Plis moun, ekipman ak kapasite ki kapab fè sa ki deside ant lavi ak lanmò.

Fòs lame ameriken yo nan wout to pou pote sekou nan efò sa a kap fèt la. Plizyè bato gadkòt deja la ap bay tout bagay depi sèvis debaz tankou dlo, sipò teknik, ki enpòtan pou gwo travay lojistik enpòtan sa. Gen gwoup nan 82nd Airborne Division nan Lame a kap rive jodiya. Nap voye yon Marine Expeditionary Unit, pòtavyon USS Carl Vinson lan, epi yon bato Navy a, ki yon lopital tou, yo rele the Comfort.

Epi jodiya, map anonse tou yon envestiman $100 milyon dola ki pral fèt touswit pou sipòte travay sovtaj sa a. Sa vle di plis ekipman pou sove lavi, manje, dlo ak medikaman moun pral bezwen yo. Envestisman sa a ap ogmante pandan ane ki pral vini an paske nou pral kòmanse yon travay rekiperasyon a lontèm pou trajedi inimajinab sa a.

Etazini ap tabli plizyè patenarya pou li reyalize travay sa a mande a. Nap table patenarya ak pèp Ayisyen an. Epi sa vle di gouvènman ayisyen an, ki bezwen sipò nou pandan lap remete tèt li sou pye apre devastasyon tranblemandtè sa a. Sa vle di tou anpil ayisyano-ameriken ki deside ede zanmi yo ak fanmi yo. Epi mwen mande VisPrezidan Biden pou li rankontre ak manm kominote ayisyano-ameriken nan zòn sid nan Florida a, kap fè travay mobilizasyon pou ede pèp Ayisyen an, fen semenn sa a, .

Nou pral travay ansam ak Nasyonzini ak anplwaye li yo ak kas ble yo ki tèlman devwe, espesyalman sa ki soti nan Brezil yo, ki deja nan peyi a pou yon travay estrawòdinè yap fè pou kenbe lapè nan peyi a. Epi mwen vle voye senpati nou tou bay Nasyonzini ki fè pi gwo pèt li janm konnen depi li egziste. Nou pa doute nou kapab kontinye fè travay anpil anplwaye Nasyonzini nou pèdi yo te fè a epi nou wè eritaj yo kite ann Ayiti a se lespwa pou lavni.

Nou pral travay ak lòt nasyon ak òganizasyon. Epi se sak fè mwen chèche pale ak lidè toupatou nan Etazini epi ak lidè lòt kote ankò kap voye resous pou sipòte travay sa a. Epi nap rantre nan yon gwo rezo òganizasyon nongouvènmantal toupatou nan peyi a ki konprann lit pèp ayisyen an ap mennen chak jou yo.

Menm pandan nou deplwaye resous nou yo nan kadijans sa a, nou mande jenewozite ak konpasyon pèp ameriken an. Mwen vle remèsye tout ameriken ki reponn an gran nonm pou kontribye nan efò sa a. Mwen vle ankouraje tout ameriken ki vle ede pou yo ale nan whitehouse.gov pou yo kapab aprann pi plis toujou. Epi nan pwochen jou yo, nou pral kontinye travay ak moun ak òganizasyon ki vle patisipe nan efò sa a.

Anfen, mwen vle pale dirèkteman ak pèp ayisyen an. Pa gen anpil popilasyon nan lemonn ki andire difikilte ou konnen yo. Byen lontan anvan trajedi sa a, lavi kotidyen sèlman, e byen souvan, te mande pou moun lite anpil. Epi apre w fin soufri pandan si lontan, pou w twouve wap fè fas ak laterè sa a, sa dwe fè kèk moun gade anlè epi mande, èske yo abandone nou?

Nou di pèp ayisyen an kareman epi ak konviksyon, yo pa abandone ou, yo pap bliye ou. Nan moman ki pi difisil pou ou a, Etazini kanpe avèk ou. Lemonn kanpe avèk ou. Nou konnen ou se yon pèp ki fò epi ou debwouya. Ou andire yon dosye esklavaj ak lit, katastwòf natirèl epi rekiperasyon. Epi malgre tou, ou pa janm pèdi kouraj ou epi lafwa ou pa janm ebranle. Kifè jodiya, ou dwe konnen èd la nan wout -- gen pi plis èd kap vini toujou.

Mèsi tout moun, mèsi anpil.